Chak sa m fè yo mande m pou m fè plis
Oh wi Big O that Big O this
Mwen gen yon rèv pou m chanje yon peyi
Anatandan pou kò m m ap fon hit nan figi yo
Gen yon pawòl kap pale Big O se li k Plezikanaval la
Gen yon pawòl kap pale Big O gen plas li nan kanaval la
Gen sak la pou jije, pap janm felisite
Sila kap mete may pou yo fè yon bagay
Nou pran rezo sosio pou di moun tout vye mo
Nou nan salon lakay chita fè tripotay
Menm lè m fè sak bon nou soti pou n blo m
Woy ann aprann bat bravo
Men dwat anlè men goch anlè 
Frape men nou – pla pla
Frape men nou – pla pla 
(2x)
Alo getho m yo chofè moto m yo
Ti machan mwen yo 
Anpil respè pou nou 
Pou nèg lari m yo, elev lekòl yo
Mete demen n anlè pou n bat bravo pou yo
Kite yanlè kite yanlè – bat bravo pou yo
Kite kite de men n anlè - Bat bravo pou yo
(2x)
Alo etidyan, alo komèsan 
Alo peyizan
Anpil respè pou nou 
Sak renmen devlopman k ap travay pou chanjman
Mete de men n anlè ann bat bravo pou yo
Kite yanlè kite yanlè – bat bravo pou yo
Kite kite de men n anlè - Bat bravo pou yo
(2x)
Leve mayo n anlè – konsa 
Mete mouchwa n anlè – konsa
Souke yo souke yo – souke (2x)
Souke 
Wey
Alo Le Francais, yo sezi 
Pipi nan lari – non 
Leve men sou fanm – non
Bay manti sou moun – non
Sa pa ladan l sa pa ladan l
Ensekirite – non
Polisye kap tonbe – non
Moun kap kraze brize 
Sa pa ladan l sa pa ladan l
Alo Sogener
Tropic SA
Bongu
Tirezone eske nou dako
Haiti jan l dwe ye
Bon lekòl travay la sante
Fòk nou tout pote kole 
Pou n met Ayiti sou wout chanjman
Alo prezidan, alo lapolis 
Alo paleman anpil respè pou nou 
Pou tout DJ mwen yo animatè mwen yo
Mete de men n anlè ann bat bravo pou yo
Kite yanlè kite yanlè – bat bravo pou yo
Kite kite de men n anlè 
Bat bravo pou yo
(2x)
Se pase mwen tap pase mwen pat vini pou m rete
Peyi a pran chante Big O fèl ankò pou nou
retire mayo – konsa
retire mouchwa – konsa
leve drapo n anlè – konsa
Big O fè l ankò pou nou
Retire kepi – konsa
Retire mayo – konsa
Souke tchatcha anlè – konsa
Big O fè l ankò pou nou
Vire yo vire yo – vire 
Big O fè l ankò pou nou
W al kache pou w bat bravo









